Lavi Pòtoprens

Texte quatrième de couverture

Yo di lavi se wo ak ba, men gen pou moun, lavi se sitou ba. Se pwa yo nan balans lan ki fè gen lòt ki, lejè kou fèy bwa, prèske bobo nyaj. Kidonk, ekwasyon an senp. Fòk gen wo pou gen ba e fòk gen ba pou gen wo. Lòm, natirèlman, renmen lè kretyen vivan parèy li twouve l nan sitiyasyon pou leve je pou wè l.

Se pou sa, diran tout vi nou, nou toujou nan on demach chache moun pou met anba n pandan n ap fè atansyon tou pou n pa al anba. Lavi s on bouskay wotè, yon bouskay grandè san kanpe, lavi s on toubiyon.

Tyson Duverger met lapat sou mouvman san kanpe sa a epi pote l anba je n. « Lavi Pòtoprens » s on tèks k ap bouje. Liknè, tinèg andeyò, debake Pòtoprens pou l vin pote kouzin li lamen fòt. Yon kouzin ki pran l pou machpye, sapata l lè l vle. Men Liknè gen anbisyon, l ap chache soti tèt li pa tout mwayen. Obstak. Desepsyon. Nan ki wotè Liknè ap rive met tèt li nan sosyete miwo-miba sa a otè a ap dekri a ?

Carl Edens PIERRE

À propos de l’auteur

Tyson Duverger fèt yon 27 dawout nan lakou Pòtoprens. Li se yon moun ki pasyone de lèt. Lanmou sa pouse li al etidye filozofi nan inivèsite Federal da Fronteira Sul (Brezil). Avan li te ale Brezil, li te kòmanse etidye syans langaj nan Fakilte Lenguistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti (FLA/ILA). Li se slamè, mizisyen, redaktè web. Yon pasyone de teknoloji, li anime emisyon Boustè sou facebook. Lavi Pòtoprens se premye liv li rive pibliye.

Détails du livre

Titre du livre : Lavi Pòtoprens

Auteur : Tyson DUVERGER

Catégorie : Roman et récit

Langue de publication : Créole haïtien

Dimensions : 5.5 x 8.5

Nombres de pages : 136

Date de parution : octobre 2022

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer