Avèk yon total 13 milyon lokitè konsa, kreyòl ayisyen an se kreyòl ki gen plis moun pale l nan mond lan. Li se lang matènèl plis pase 95% moun nan popilasyon ayisyen an epi li se lang ofisyèl Ayiti depi 1987. Lang kreyòl ayisyen an pale anpil nan peyi Etazini ak Kanada, li menm rive vini lang ofisyèl nan eta Nouyòk (Etazini) dèyè anglè, espayòl, koreyen, chinwa, ris ak italyen. Nan Eta Florid, li se twazyèm lang ki pi pale ak plis pase 300 mil lokitè dèyè anglè ak espayòl. Men malgre tout moun sa yo ki pale l, se yon tikras ki rive metrize òtograf lang sa a. Nouvo òtograf kreyòl ayisyen an an vigè depi an 1980 (Akademi Kreyòl Ayisyen te pase men ladan l nan ane 2017). Men yon lis 7 prensip k ap ede nou ekri lang lan kòmsadwa :
1. Pa gen lèt ki bèbè
Nan òtograf kreyòl la, tout lèt ki ekri dwe pwononse. Kidonk, lè w ap ekri l tou, fè atansyon pou w pa mete lèt initil.
⁃ « Samdi » p ap pran E nan mitan M nan ak D a.
⁃ « Moun » p ap pran E apre N nan.
2. Chak son ret nan wòl yo
An kreyòl, menm siy lan toujou reprezante menm son an. Sa ki vin fè, yon mo ap toujou ekri menm jan an nan nenpòt kontèks li ta twouve l la.
⁃ AN toujou gen son an nan nenpòt mo, menm jan nan: mANmAN, kabANn
⁃ EN : ENdepandan, kouzEN
⁃ IN : INvètè, machIN
⁃ ÀN : avwÀN, ÀN
⁃ DJ : DJak, BonDJe
⁃ GZ : eGZanp, eGZajere
⁃ KS : MaKSo, rilaKS
⁃ TCH : TCHeke, yaTCH
⁃ G : Gonfle, manGo
⁃ J : ManJe, JiJ
⁃ Z : djaZ, Zago
⁃ S : reSi, klaS
⁃ K : sèK, reKole
⁃ È : kÈ, pwÈs
⁃ Ò : zÒt, lekÒl
⁃ Ó : jÓn, lÓn (twal) *
*AKA poko bay dizon l sou itilizasyon aksan egi sou O a men anplwa l nesesè nan ka kote n vle kenbe son lèt O a lè l plase devan N.
3. De (2) mo pa kole
An kreyòl, chak mo ki ekri dwe gen yon espas ki separe l ak mo ki vin anvan epi sa ki vin apre a. Fòm kontrakte mo yo (detèminan, pwonon…) dwe konsidere tankou yon mo ankè; kidonk, yo p ap kole ak pyès lòt mo.
Men kèk fòm kontrakte (kout) :
Mwen -> M
Ou -> W
Li -> L
Nou -> N
Yo -> Y
Pa -> P
Te -> T
Ta -> T
Ki -> K
Mwen anvi -> M anvi
Ou ale -> W ale
Fouye li -> Fouye l
Pa ap -> P ap
Li te ale -> Li t ale
Se mwen ki vin avè li -> Se mwen k vin avè l
Gen yon -> G on
Se yon -> S on
Fè yon -> F on
4. Nou pa sèvi ak apostwòf
Akademi Kreyòl Ayisyen an, enstans ki la pou reglemante lang kreyòl ayisyen an, dekonseye izaj apostwòf nan ekriti lang lan. L ap pi bon pou n kite yon espas nan mitan de (2) mo olye n met apostwòf.
⁃ Nou p ap ekri « Mete’m », men pito « Mete m ».
⁃ Nou p ap ekri « M’ap », men pito « M ap ».
Ou ta renmen bay korije yon tèks pou ou an kreyòl oswa an fransè ? Ou ta vle bay tradui yon tèks an kreyòl ? Klike la.
5. Nou pa mete R devan vwayèl won yo (O, Ò, ON, OU, OUN), men pito W
An kreyòl, devan vwayèl won yo, ni R ni W ta ka sèvi pou bay menm son an. Men pou respekte règ ki di chak son ret nan wòl yo a ki bay òtograf lang lan yon transparans san parèy, nou chwazi sèvi ak W pito devan vwayèl sa yo.
⁃ Nou p ap ekri « anRo, Ròdpote, Ronn, Rouj…», men pito « anWo, Wòdpòte, Wonn, Wouj… ».
6. De (2) vwayèl pa kontre
Nan ekriti kreyòl la, de (2) vwayèl pa ka kontre. Pou evite rankont sa, nou mete nan mitan yo Y oswa W selon jan mo a pwononse a.
⁃ Nou p ap ekri « Leogàn », « radio », « Laskaobas », men pito : Leyogàn, radyo, Laskawobas…
7. Lèt yo pa janm double *
⁃ Nou p ap ekri : « vinn », « finn », « machinn »…
⁃ Men n ap ekri : vin, fin, machin…
* Mo tankou « onèTTe », « daPPiyanp » (si nou ekri l tou kole), advèb ki fòme ak adjektif nimeral òdinal yo (dezyèmman, sizyèmman, trèzyèmman…) ak kèk lòt ankò ka konsidere kòm eksepsyon pou règ sa a.
Pou Tras Éditions
Ou ta renmen bay korije yon tèks pou ou an kreyòl oswa an fransè ? Ou ta vle bay tradui yon tèks an kreyòl ? Klike la.
